PEYIZAN YO AK SEKTÈ AGRIKÒL LA

NAN YON PLAN SOVTAJ NASYONAL

Chavannes Jean-Baptiste

Entèvansyon CJB nan konferans pou defini politik ak direktris pou rive nan yon sovtaj nasyonal.

1-    REMÈSIMAN.

Nou di òganizatè yo mèsi paske yo envite nou pou vin pale sou peyizan yo ak sektè agrikòl la nan yon plan sovtaj nasyonal.

2 – KÈK KONSTA.

Si òganizatè yo pale de sovtaj nasyonal se paske peyi a an danje.

Nou dakò ak tèm sa paske pi grav pase sa se lanmò pou peyi a, sitou si lanmò klas peyizan yo, pi gwp gwoup sosyal kid we tounen pi gwo fòs sosyal nan KONBIT Pou sove peyi a.

Pa gen sovtaj nasyonal san sove peyizanri a, pa gen sovtaj nasyonal san patispasyon majorite popilasyon an. Peyizan yo reprezante plis pase 60%  popilasyon aktiv peyi a. Nan depatman sant, peyizan yo reprezante plis pase 79% popilasyon aktiv la. Gwoup sosyal sa, se li menm ki pi pòv paske se li menm ki viktim pi gwo eksplwatasyon, pi gwo eksklizyon nan peyi sa paske yo konsidere yo kòm moun andeyò. Depi yo te fin patisipe aktivman nan bay peyi a endepandans yo ekskli yo. Lang fransè a, se yonn nan gwo enstriman eksklizyon an.

Malgre kantite moun ki nan sektè agrikòl la, peyi a resatavèk nèt nan zafè manje lè nou konnen pwodiksyon agrikòl peyi a pa kapab nouri plis pase 40% nan popilasyon an.

Selon estatistik yo, plis pase 80% deviz peyi a  pase nan achte manje. Yo pale de 380 milyon dola vèt ki ale nan achte manje. Nou enpòte 3 fwa plis pase sa nou ekspòte. Se pwodwi soutretans ki rapòte peyi a plis deviz. Ekspòtasyon kafe pa ekzanp pa rapòte plis pase 2 milyon dola jodya.

Nan ane 70 yo, Ayiti te otosifizan nan zafè diri nap manje, jodya, no pwodwi ant 20 a 25% sèlman nan 450 tòn diri nou bezwen pou konsomasyon nou chak ane. Non sèlman nou pèdi souvrennte nou nan zafè manje, nou pèdi abitid alimantè nou yo. Nou pito manje zagribay pase manje natif natal, manje ki sen peyizan pwodwi.

Pa kapab genyen souvrennte nasyonal san souvrennte alimantè. Yon pèp pa kapab granmoun si li pa granmoun nan zafè manje pou nouri tèt li.

Pwodiksyon agrikòl peyi a ap glise desann akòz :

 

3 – SA KI DWE FÈT NAN YON PLAN SOVGAD NASYONAL.

Nou ta kapab pase 2 jou  ap fè konsta, nou pa tap janm fin konstate. An nou gade pito ki sa ki ta dwe fèt.

Nou tout nou konnen, veritab pwoblèm lan. Veritab pwoblèm lan, nannan pwoblèm lan, se yon pwoblèm politik.

 

Ekzistans peyi a pa posib a mwayen tèm san Leta pa panche sou pwoblèm peyizanri a. Fon pwoblèm peyizanri a ki se nannan pwoblèm tout peyi a, se pwoblèm anviwònman. Nou mete pwoblèm anviwònman an, anvan pwoblèm pwodiksyon agrikòl la.

 

Rezolisyon pwoblèm anviwònman an, pwoblèm agrikilti peyi a pase pa :

                       

a)     Yon refòm agrè entegral : Tè pou peyizan kap travay tè omwens yo dwe gen sekirite absoli sou tè yap travay; kredi agrikòl ak yon to enterè ba pou yon tan ki long; asistans teknik ak sibvansyon sou yon fòm ou lòt pou gen estrikti transfòmasyon, estrikti estokaj, estrikti kòmèsyalizasyon; yon mache ak bon pri garanti; sistèm asirans pou pwodiksyon agrikòl ak pou peyizan yo; pwoteksyon peyi a kont kontrebann ak baryè lib pou pwodwi yo ki benefisye dumping peyi endistriyalize yo.

 

b)    Yon pwogram nasyonal pou sove anviwònman peyi a ki dwe genyen ladan plizyè aktivite :

-         Konsèvasyon sòl ak rebwazman dwe tounen yon priyorite nasyonal ki angaje tout sektè lavi nasyonal andedan ak deyò peyi a. Nou dwe kouvri peyi a ak pye bwa fwitye ak forestye. Tout moun dwe mete men nan sa si nou pa vle peyi a disparèt. MPP genyen yon pwopozisyon konkrèt ki kapab pèmèt nou kòmanse manyen pwoblèm lan : Yon dola chak mwa pou yon pye fwi.

 

-         Mete kanpe pwogram enèji altènativ. Leta dwe kòmanse pa sibvansyone gaz pwopan ak recho, pwodwi enèji solè , eyolyèn,idwolik,pwodiksyon biogaz ak dechè, fabrikasyon brikèt pay etc.

 

-         Klarifye wòl Ministè Agrikilti ak Ministè anviwònman. Mete 25 % nan bidjè nasyonal la nan agrikilti ak pwoteksyon anviwònman.

                                                                                                              

c)     Dekonsantrasyon ak desantralizasyon sèvis piblik yo : Lekòl, Inivèsite; swen santé.

 

d)    Mete kanpe yon veritab pwogram alfabetizasyon, yon pwogram masif. Sa mande sètènman yon volonte politik.

 

e)     Kreye travay andeyò pou peyizan yo  nan konsèvasyon sòl ak rebwazman, nan mete kanpe sistèm irigasyon, nan fè wout agrikòl, nan fè sistèm dlo potab, nan konstriksyon lak kolinè, nan konstriksyon sitèn pou  peyizan yo sispann fè chabon pou yo siviv.

 

Tout koze sa yo se blag, si nou pa rive kreye yon lòt mòd Leta. Kreye yon lòt mòd Leta, se gwo defi a, se manman penba koze a paske divizyon, mefyans, mètdam anpeche nou fè Inite nesesè pou chanje Leta a.

 

Chanje Leta nan peyi sa, se pa yon bagay fasil paske gen twòp moun ki soufri maladi prezidantit, gen twòp moun ki sèvi lwa pouvwa ak lwa avwa nenpòt jan. Jan l pase l pase.

                                       

Nou pa kwè nan Inite tout moun nan sosyete a, inite tout gwoup sosyal yo. Nou kwè sa se yon bèl rèv.

 

Nou kwè nan kokenn chenn Inite mouvman sosyal la (peyizan, ouvriye, òganizasyon fanm, òganizasyon jèn, òganizasyon etidyan, òganizasyon katye, òganizasyon sosyo pwofesyonèl) andedan peyi a ki makònen fòs yo ak òganizasyon nan dyaspora pou defini yon pwojè sosyete kote tout moun jwenn plas yo. Gwo mouvman sosyal sa dwe makònen fòs li ak òganizasyon politik ki vle pote kole nan ekzekisyon pwojè sa.

 

Refonde ou fonde Eta Nasyon an mande yon gwo Konbit nasyonal kote majorite pitit peyi a ni andedan ni deyò patisipe.

 

An nou sonnen lanbi a jodya paske demen ap twò ta.