| ||||||||||||||
Printer-friendly Version Petisyon Kont Militè NasyonZini ki na Peyi DayitiKan Patriyot Ki Vle Sove Nasyon an, 2009-11-05
An nou leve Kanpe pou nou rele anmwe kont Fós Nasyon Zini ki okipe Peyi Dayiti pou l topizi Pèp la. Lè nou konsidere ke Sólda Nasyon Zini yo ak tout Restavek li yo, se yon zo pwason ki koke lan gój pèp ayisyen yan e ki kwape Endepandanas li ak tout Souverènte l kom nasyon Lè nou konsidere ke okipasyon Fós Loni yan se yon zak maspinay pou dinyite pèp ayisyen, se yon derespektans ki ban n degoutans, yon radyès pèmèt ki chatre dwa ke nou genyen pou nou dirije tèt nou pou kont nou, pou nou koke panyen nou kote men nou ka rive, se yon plot krache ke yo voye lan figi Premye Repiblik Nwa ki te pran endepandans li sou la tè .
Lè nou konsidere ke Konsey Nasyon Zini yan dwe mete yon pwen final lan okipasyon sa a ki sal figi peyi ya e ki blese tout yon nasyon jis lan zo.
Lè nou konsidere ke Kominote Entenasyonal la se moun ki pi pa kapab yo lan pitit Tè Dayiti, moun ki pa konnen G - A: GA lan fey malanga, se yo ke l chwazi pou dirijan. Depi l te bann yon Bèbè lan plas Filibè, nou te santi gen yon rou lan kabwèt la ki pat roule ! Se lan mache zoukoutap saa ke nou tonbe lan tchouboum nou ye jodiya.
Lè nou konsidere ke Pèp ayisyen malgre tout tribilasyon l, li pa janm vann drapo l pou grenn ble, e li toujou goumen pou libète l ak jistis tankou an 1804, dwèt li pat janm tranpe lan okenn sós debakman Fós Loni, li pat janm lan góg magóg ak okenn demagóg .
Lè nou konsidere ke se atoufè ke altèmondyalis yo te djake sou chèz boure ya , gras a kadejak ke Fós Okipasyon LONI yo te fè lan eleksyon 2006 la, pou yo ka fè chita yo pi byen, souse peyi ya epi lage zo ak po wa bay pèp ayisyen yan. Epi jounen jodiya yo di l naje pou l sóti
Lè nou konsidere ke Pèp Ayisyen se yon grandèt li ye, li gen ase konprann pou l distenge zannanna ak pengwen, sètadi pou l chwazi sak bon pou li.
Lè nou konsidere ke presans Fós Loni yo se yon kout ponya lan do, yo bay pèp ayisyen, se yon zak asasinay yo fè sou Peyi Dayiti ki youn lan premye manb fondatè LONI. Lè nou konsidere dividal lajan ke MINUSTHA depanse san pèp la pa janm wè kote jou louvri lan poch li. Lè nou konsidere ke mago saa MINUSTHA ap manje ya se tout Kominote Entenasyonal la ki kotize pou yo bay Pèp ayisyen yan yon la vi miyo . Lè nou konsidere ke pil ak pakèt lajan saa yo depanse pou MINUSTHA, li ta pi bon si nou ta itilize l pou nou kreye yon Fós Nasyonal pou Proteksyon Teritwa nou ki ta gen pou misyon pou l patisipe lan yon seri de projè nasyonal tankou rebwazman, operasyon predezas ak posdezas, fè demokrasi ya vini dyanm. Lè nou konsidere ke la pè se pa yon flè lasezon. Vrè pè ya se lan kè nou li dwe chita pou nou ka viv lib e libè lakay nou san kè kase, san pèsonn pa mande nou : De ki prevyen ? De ki mannigans ?.
a) Tout oganizasyon entènasyonal, tout biro kap okipe zafè peyi l ak lot peyi, pit kon poro, pou yo respekte dwa pèp ayisyen genyen pou l mennen tèt li. Nou te goumen anpil pou dwa lot pèp pou yo gen souverènte yo, sitou lan Amerik la. b) Gouvènman ki voye solda yo lan Fos Nasyon Zini ya, tan pri souple, alsa yo pou nou. Epi koupe n sa sèk, pou tout tan. c) Gouvènman ameriken, Inyon Eropeyèn, Sekretè Jeneral Nasyon Zini, Palman Eropeyen,tout pisans ki di yo se zanmi Ayiti e ki respekte dwa pèp pou yo viv sou yon Tè endepandan, pou l fè Enstitisyon repibliken yo mache san l pa bezwen gen Solda LONI ak baton dèyè l; d) Kominote Entènasyonal, lajan l tap peye Solda Loni yo, tan pri souple mete l lan kès Leta Ayisyen pou yon lót 5 kan pou l kapab gen ase fós pou l pèmet enstitisyon pa nou bay sekirite, proteje pèp la e simaye demokrasi. San pedi tan nou vle :
2- ke yo komanse bat tanbou rasanbleman yon lót fos piblik nasyonal pou proteje tè Dayiti.; 3- Fè restavèk LONI yo kap pase lód lan tout Biro , pou yo anfondre peyi ya pi plis, al kanpe byen lwen.
Pótoprens jou ki te 28 septanm 2009 Moun ki siynen se : |
| 2303 17th St., N.W. | Washington, D.C. 20009 | (202) 588-8700 | haiti@haitipolicy.org |